ADN
Si w fon kout je nan tout literati 19e syèk la w ap konstate de bagay kay anpil moun k ap reflechi sou Ayiti. Toudabò w ap wè ak moun yo ap pale a , li pa Ayiti. Yon lòt bò, w ap wè yo gen yon sousi esplike ansyen mèt yo kijan pèp ayisyen an ap fè jefò sou chimen pwogrè a men se tradisyon afrik yo ki anpeche l vanse pi byen. (Laenec Hurbon, Le Barbare imaginaire.) Entèlektyèl sa yo gen bon entansyon wi lè yo vle pou peyi a vanse men yo pran move chimen an. Nan lane 30 yo, yon lòt entèlektyèl, Jean-Price Mars, retounen sou chimen premye yo te pran an. Li poze kòm lide si pèp ayisyen pa ka vanse sou chimen pwogrè a se paske elit yo (entèlektyèl sitou) pa fè travay li. Li estime elit yo dekonekte ak mas yo lè yo deside neglije relijyon ak tradisyon mas yo. Li pwopoze pou elit yo rekonsidere pozisyon yo. Konsa n tonbe nan yon valorizasyon fòlklò ak kilti peyi n je fèmen. Li pran divès fòm ak divès koulè. Sòti nan Léon Laleau, tonbe nan Jacques Roumain, pase pran Jacques S. Alexis jouk nou tonbe nan Griots yo ak François Duvalier nou jwenn menm volonte a. Nou pap bliye kisa Duvalier fè ak koze koulè a mete ansanm ak enstrimantalizasyon li fè ak Vodou. Konsta sa fè n poze kòm lide se sa ki fè yon Fakilte tankou Etnoloji pa janm rate okazyon pou l valorize kilti ak fòlklò peyi a nan menen etidyan yo nan lakou ak gwòt pasipala. Nou ka imajine kijan Blot te pran men Gourgue pou l al menen l lakou souvnans. Jounen jodi a Blot pa gen souvnans bagay sa yo. Men se pa enterè n pou refleksyon sa. Nou pito pral pale sou yon lòt etidyan Fakilte Etnoloji ki nan yon lòt domèn ki se Rap: 35 Zile.
Nou p ap pèdi tan prezante Mc a paske sa fèt anpil fwa deja men pito nou vle sitiye l parapò ak de deklarasyon ki fèt nan jou ki sot pase yo. Kisa k pase ?
Yon atis sòti yon mizik ak tout videyo ki rele " M pral nan peyi m pou yo". Anpil tan pa pase pou mizik sa kenbe atansyon moun ki konen men tou ki pa konen anyen nan rap. Se yon bagay yo pat janm wè fòk yo pale sou li. Yon editoryalis an chèf deklare ak twonpèt epi senbal " Vodou a fè yon bèl rantre nan Rap!", yon lòt bò yon jèn entèlektyèl -jounalis rale bwat fransè li pou l di grenn mizik sa "marque une rupture chronologique et idéologique " nan karyè rapè a. Nou pap di tou de mesye yo di se premye fwa sa fèt men nou pa fouti di nou pa wè "vocation de l'élite la " nan konpòtman nèg yo. Jean-Price Mars mouri viv Jean-Price Mars!
Nou pap mize twòp sou zafè bèl rantre vodou nan rap la paske anpil moun ki ap suiv rap depi nan tan benbo demanti mouche a kou chen epi yo voye l al lave l. Men nou pa ka fèmen je n nèt sou zafè "rupture chronologique et idéologique " la.
N ap tante montre limit koze sa metodolojikman epi teyorikman. Nou pap manyen lòt mizik la men n espere moun k ap li refleksyon sa dekouvri poukont yo jès nou fè apati travay 35 yo. Men n ap klè ak tout moun, se sou pwèl n ap manyen kesyon an paske ti bat bouch nan prese sa pap penmèt nou layite tout koze sa.
Pou n di kisa "rupture " ye nan ka sa n ap itilize memwa n pou n sonje kijan filozòf Fransè Michel Foucault wè koze sa. Nan liv li "archéologie du savoir" li chita yon maryaj "rupture et (dis)continuité" youn pa mache san lòt. Li di konsa : " Si w kanpe deyò epi w ap gade gran ansanm yo (Medsin, Antwopolji, Matematik) ou ka gen tantasyon pou w di yo rete jan yo te tanmen an. Men si w fè yon travay akeyolojik sou yo, sa vle di si w grate anba yo, w ap konstate kijan nan tan ak espas yo sibi modifikasyon, dekoupaj, koupe fache " elatriye. Sa vle di, konsidere disiplin yo kòm yon sèl k ap reziste anba kout raso tan ak espas la se yon erè ki ka fèmen je w sou dinamik ki gen andan disiplin yo menm. Nou pa pretann nou byen di tout men sa ka yon lide pou n vanse.
Nan sans sa kilè e apati ki metòd pou n wè si gen koupe fache, kanmpo ak pran lyann tankou joumou (alèkile se konsa n seye defini rupture, continuité et discontinuité) ? Se nan grate anba vant sèlman tankou jan poul grate tè pou l jwenn grenn mayi. Se travay akeyològ la sa. Sa vle di gade avèk swen sa k ap di nan/sou epi avèk disiplin nan. Sou baz sa nou ka poze lide kanpo ak pran tann nan pou 35 Zile. Karyè Mc a lwen pou l fini men li gen ase materyo (albòm, entèvyou, videyo) pou n ta fè yon travay serye.
Rap 35 la, nou di l deja, li politik. Politik paske li pote yon diskou ki marande filozofi lavi nan mòn yo andan yon mizik ki kale lavil. Se yon leve kanpe andan rap la kòm mizik men tou devan lasosyete. Konsta sa n ap sòti l depi nan premye pwojè Zile yo jouk nou bout nan Memwa Yon Simidò ki kouwone travay sa. Premye manch sa sitiye mizik 35 la. Li pa yon rap vodou ni yon vodou rap men pito li itilize rap pou l fè medyasyon ant filozofi lavi vodou a pote a ak rès lasosyete. Men nan albòm Bouknanm ki sòti mwa Dawout pase a nou konstate yon kanpo. Atis la pa senpman pote filozofi lavi vodou a men li sèvi avè l pou l gade (li kritike epi pwopoze) lasosyete. Li tounen yon kad refleksyon. Se sak fè n ap jwenn anpil mizik ki trete pwoblèm politik ak konjonktirèl epòk n ap viv la. Li pa sèlman selebre fòm lavi ki nan vodou a men li mete l fas pou fas ak Lavi lavil la.
Rap 35 la pa chita nan rele se mwen ki te fè sa an premye oswa sa m fè a nouvo. Dayè se moun ki gen sousi dominasyon ki toujou vle di se pa yo ki nouvo epi se yo ki fè anvan. Men pito, li pote yon filozofi ki jwenn sous li nan eksperyans lavi mawon yo, Bosal yo ak tèt mòn yo pou li chapante yon diskou (pawòl plis aksyon) sou reyèl politik la.
Pou n fini, nou ap poze lide sa : a kondisyon nou konsidere de moman nan pwodiksyon 35 yo; youn sòti nan premye pwojè li yo bout nan Memwa Yon Simidò epi lòt la tanmen apati Bouknanm Blackatittude pou bout jodi a n ap remake gen yon mouvman kanmpo ak pran lyann ki fèt andan zèv yo. Li enpòtan pou n souliye kanmpo ak pran lyann sa se yon mouvman li ye, li pa yon koupe fache nèt. Kidonk 35 Zile rete menm Mc a men gen yon dinamik ki fèt andan travay li yo ki penmèt li rete enskri nan tan ak espas zèv la ap kale a. Anvan n ale m envite n tande ADN. Se yon nouvo pwodiksyon ki siyen 35 Zile. Sou li n ap jwenn vwa Ta-Fa Mi Soleil k ap chante mwen fè pwen an pouy yo, yo pa peye mwen... Mizik sa ap sòti 18 Novanm 2017 la. Se yon ochan pou moun ki goumen men larepiblik pa janm peye yo!
Mawon Ann Di
Bosal Mizik
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
-
Roody Petuel vit le jour à Port-au-Prince, le 27 juin 1988. Orphelin de père, brutalement enlevé à son affection au fort des troublant...
-
En 1989, Alain TURNIER, Ministre des Finances du Président Leslie MANIGAT, publie son livre: «Quand la Nation demande des comptes». Ce li...
-
Il est né le 29 Aout 1993 à Saint-Marc, commune du département de l’Artibonite. Il a fait ses études primaires à l’école Frère Herve de St...
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire