Yo defini lang nan tankou yon zouti kominikasyon. Pou pi piti chak nasyon ka pale yon lang. Yon lang zansèt yo kapab kreye, konsa tou yon lang yon lòt nasyon pale deja. Lang nan se yon byen kiltirèl. Nou menm Ayisyen, premye lang nou se Kreyòl. Se sèl grenn lang sa pifò Ayisyen genyen pou yo eksprime panse yo – pou yo kominike. Kidonk se sèl grenn lang nasyonal nou genyen.
Dat 28 oktòb la, se jounen entènasyonal selebrasyon lang (ak kilti) Kreyòl la. Se yon okazyon pou n pran lang Kreyòl la, pou n antre anndan l, nan nannan l, pou n fè yon panse ak li, pou n panse sou li, pou n panse pou li. Se yon okazyon tou pou n panse a enpòtans itilizasyon lang sa nan kominikasyon – se youn nan bagay ki ka fasilite entegrasyon –, enpòtans li nan levasyon ak ansèyman.
Kreyòl la se yon lang ki pa seksis. Nan gramè kreyòl la detèminan yo pa ni maskilen, ni feminen. An, la, lan, nan, yo, yon… kapab feminen oubyen l maskilen. Egzanp : « poul la, kòk la », « yon fanm, yon gason », « famasi a, kaye a ». Pwonon l yo pa gen sèks. « Li » te pran bagay la, « li » sa ka fanm, li ka gason.
Kreyòl la pwone libète. Malerezman, sa rive anpil nan nou prizonye, anchene, nan lang sa. Anndan peyi nou an menm, gen kote si n vle byen pase – si n vle gen valè osnon atansyon yon moun, se plwaye Kreyòl la, byen foure l byen fon nan pòch nou pou moun pa wè l. Pafwa tou yon moun konn ap pale Kreyòl, yo konsidere l tankou pitit kòchon, kòmsi kòchon te konn pale Kreyòl. Ala de tèt zoranj !
Lang Kreyòl la charye sa k gen pou wè ak kilti peyi, ak lafwa n. Li antre jouk nan santiman relijye nou lè n ap fè tranzisyon sijè lè n ap kominike. « Kite kantik, pran priyè, m t al lakay li wi. Ay gade, m fè l banm bagay la ». Rapò lang Kreyòl la ak santiman relijye a konn charye ak kontradiksyon tou : « M pral chache bagay la lakay li. Si l pa ban mwen l, m ap di l betiz nan gou Jezi ».
Lang Kreyòl la bèl anpil anpil. Youn nan sa ki fè bèlte lang sa se sa yo rele « redoubleman » an. Menm mo a, ou repete l de (2) fwa pou w ranfòse sa w ap di a. Egzanp : menm menm, anpil anpil, ditou ditou, lèd lèd, rapid rapid, vit vit... Lòt sa k fè bèlte lang sa se « metafò » yo. Yon gwoup te chante, « se devan pou n ta ye – se pa dèyè pou n ta ye », « moun fou dèyè kay la ». Se yon fason pou n di w Kreyòl la bèl « anpil anpil ».
Gen gwo jefò ki fèt pou Kreyòl la rive vin sa l ye jounen jodi a : yon lang ofisyèl sou papye konstitisyon 1987. Men gen anpil jefò ki rete pou mwen ak ou fè toujou, sitou nan striktire lang sa epi pou lang sa vin yon lang ofisyèl toutbonvre.
_N ap kite w ak ti ègzesis sa : ki diferans ki genyen ant bouda tèt ak tèt bouda ?_
An n kontinye pran lang, lang Kreyòl la.
-Jean Carmy Félixon-